Onz prizonye sove nan yon sant kaseral nan Eta Lwizyana, Etazini, daprè otorite lokal yo rapòte

553
0
Share:
TRiboLAND

Nouvèl Òleyans, Etazini_____(TRiboLAND) Onz prizonye yo sove e kouri kite Orleans Parish Justice Center nan Lwizyana, daprè sa enfòmasyon yo fè konnen jounen vandredi 16 me 2025 lan.

Li te vè 8è maten vandredi a, nan moman yon routinn kontaj, ke ofisye prizon an ta pral dekouvri ke prizonye yo te chape poul yo. Konsa, sa pat pran tan pou Sheriff Susan Hutson deklare nan yon konferans li bay sou dosye a apremidi a, kote li rele sa, ‘Se reyèlman yon sitiyasyon ki alafwa serye e inasèptab”.

Antouka, pa genyen anyen ki esplike kòman prizonye yo arive lage pye yo. Chèf Christopher Goodly ansanm avèk sheriff biwo operasyonèl yo, deklare prizonye yo ki sove yo, ame jous nan dan e yo trè danjre.

“Nan yo kolektiv efò, nap travay nan konplisite avèk polis lokal ou jans federal yo nan yon rechèch san parèy ki pou arive mete lapat sou fijitif yo ki tre danjre”, daprè sheriff la ki tap depoze. Li ale pi lwen pou ankouraje piblik la veye anwo, veye anba”!

Share:

Leave a reply