Pwezidan Biden ateri byen bonè maten nan nan Tèlaviv e rankontre ak ofisyèl izrayèl yo pou yon gwo chita bat bouch sou konfli izrayelo-palestinyen an

926

10-18-2023

Tèlaviv, Izrayèl______(TRiboLAND) Pwezidan ameriken an Joe Biden ateri jodi mèkredi 18 oktòb 2023 a, nan Tèlaviv, kapital peyi Izrayèl.  Osito li rive, Biden fè chita pale bat bouch ak Pwemye Minis Benjamin Netanyahu, nan lide pou montre sipò anvè Izrayèl kap batay kont gwoup tèworis Hamas nan bann Gaza.

Biden ak tout Netanyahu, sou pis ayewopò Ben Gurion, te anbwase e echanje kèk ti bat bouch ansanm pandan yo te ansèkle ak fòs sekirite. Pwezidan Izrayèl la, Isaac Herzog te egalman salye Biden avan ke lòt manm nan delegasyon Izrayèl la. Lidè yo te fè echanj pou yon ti bout tan, apwè say o te dirije yo nan machinn yo.

Vwayàj Biden nan pap dire anpil tan; li espesyàlman fèt nan objektif pou voye yon sinyàl klè kon klewòz bay tout aktè anafè ke Amerika dèyè Izrayèl ak tout responsablite li pou defann tèt li sitou apwè zak teworis Hamas la, 7 oktòb 2023 a.

Comments are closed.