Plizyè milye ayisyen deside kite Sendomeng volontèman pou rantre lakay yo

967

09-18-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè gwo desizyon gouvènnman dominiken an, san kote menas san rete nan kad fèmen fwontyè ayisyano-dominiken an, plizyè milye ayisyen jounen jodi lendi 18 septanm 2023, deside retounen lakay yo volontèman.

Kèk nan yo fè konnen, se avèk yon santiman patriyotik yo deside retounen lakay yo. Plizyè nan yo kritike militè dominiken yo ki sezi valiz ak plizyè lòt bagay yo te pote, e menm pran lajan sou yo e fè yo peye ti sa yo pote .

Militè dominiken yo sezi plizyè machandiz nan men ayisyen ki te deside al achte anndan lakay yo.



Comments are closed.