Konpayi otobis Remito nan vil Pòdpè di l regrèt se nan pwòp jounen 18 me a yon parèy ensidan rive nan Akayè; men li p ap bese lebra.

545

05/19/2021

Pòdpè______ (TRiboLAND) Responsab Konpayi otobis Remito a nan vil Pòdpè, Msye Martial Anthanase, konfime efektivman gen 2 bis ki rive boule rapyetè sou wout Akayè a, jounen madi 18 me 2021 an; yon bis Remito ak youn lòt pou konpayi Sans Sousi nan moman yo t ap eseye rantre nan kapital Pòtoprens lan.

Msye Martial Anthanase



Selon responsab la, gen lòt bis ki ta soti viktim tankou: otobis Patrick ak Valparaiso ki sisbi anpil dega vit kraze anba gwo kout wòch ak kawoutchouyo ki plat. Ensidan sa pwodui nan moman pèp Akayè a t ap manifeste pou di non ak Referandòm Jovenel Moïse la key o kalifye kòm lòbèy ak jwèt mètdàm pike kole.

Responsab Konpayi Remito a, deklare ke konpayi a p ap janm bese lebra pandan l di l regrèt se pwòp jou fèt drapo a yon parèy aksyon arive pwodwi.

Kesyone l pou rive konnen si konpayi Remito ap toujou okipe beton an Pandan rès jou sa yo puiske anpil moun te remake gen yon dividal pasajè ki te deja fè rezèvasyon tikè yo e ki vin founi je gade pou konnen si konpayi a ap remèt kòb yo osinon si l ap vwayaje, responsab konpayi a Mesye Martial Athanase te asire yo pou pran pasyans paske bis konpayi a ki estime ak yon dizèn konsa, gen difikilte pou yo rantre nan Nòdwès akoz vag vyolans sa yo ki deklanntche atravè peyi dayiti.

Fòk nou di, pwopriyetè machin nan Nòdwès ki asire trajè Pòdpè – Pòtopwens ak rès zòn nan peyi a, mande pou otorite nan peyi isit asime responsabilite yo. Savledi fwennen vag vyolans, ensekirite ak zak kidnapping k ap fè raj sou tè papa Desalin nan e ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan.

Saint Jean Wiski

Comments are closed.