Lajistis amerikèn jije yon polisye blan pou lanmò yon refijye afriken

394
0
Share:
TRiboLAND

Michigan, Etazini______(TRiboLAND) Kou pou kou, Bondye ri! Se agiman sila kondane Christopher Schurr avanse nan moman pwosè li ki genyen pou wè avèk zak kriminèl ke li te fè sou yon imigran. Msye Schurr ki se yon polisye Michigan nan peyi Etazini, tap tante esplike ke li arive touye Patrick Lyoya, nan fè lejitim defans.

Viktim nan ki te genyen 26 lane, te yon refijye afriken, ki te arive pran yon bal nan kou nan moman yon deblosaj nan lane 2022. Konsa, devan tribinal la, akize Schurr tap eseye jwe zèl kat “lejitim defans” lan, kote ke li esplike ke li te pè pou vi li nan moman refijye afriken an te arive mete men sou taser li; konsa, li pat genyen oken chwa ke deside ouvwi kout zam sou li.

Nap raple, ensidan sila te rive nan yon tchèk pwent polisye ki ta revele pèmi kondwi Lyoya te ekspire e li te egalman genyen yon manda darè abi domestik ki te pandye sou tèt li.

Otopsi viktim nan revele yon gro tonton kantite tafya nan kò li, alòske polisye Schurr te deja metrize li konplètman. Gro kesyon pwosè a genyen anpil pou wè avèk desizyon polisye a ki te arive malgre tou ouvè kout zam sou viktim nan kan byen mèm.

Share:

Leave a reply