Direksyon depatmantal ministè agrikilti fè gro sòlòkòtò nan okazyon fèt agrikiti ak travay nan Grandans.

452
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Malgre difilkilte peyizan plantè ak agrikiltè nou yo konen pandan move preyòd sa yo, sa pa anpeche direksyon depatmantal ministè agrikilti resous natirèl ak devlopman riral, òganize gro sòlòkòtò pou make selebwasyon pwemye me a nan Grandans peyi a.

Sou tèm “Ann pote kole, nan kore pwodiksyon agrikòl la pou Grandans kapab vinn pi bèl”, otorite agrikilti yo selebre jounen premye me a nan Grandans, malgre sitiyasyon nefas peyi a.

Pou ane 2025 lan, manm popilasyon an pat anmezi pou achete pwodwi agrikòl yo, selon sa yo eskplike nan mikwo TRiboLAND; sèke pouvwa pou yo achete pa ekziste depi aprè asasinay ansyen Prezidan Jovenèl Moïse, kote genyen yon klima terè ki egziste nan depatman an e ki afebli ekononmi majorite moun nan poopilasyon an.

Peyizan, plantè, e agrikiltè yo nan Grandans, mande moun ki fè tèt yo pase pou dirijan yo, kapab pwan yon tikal konsyans pou pote yon ti amelyorasyon nan insekirite jeneralize a kap bale wouze peyi a.

Share:

Leave a reply