3 lane depi eskanmòte te dechèpiye Biwo Direksyon Depatmantal Pwoteksyon Sivil Pòdpè a, batiman an toujou rete livre pou kont li

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sa fè 3 lane, depi endividi yo pa’t rive idantifye te kase, piye ansuit bwote tout sa ki te andann Biwo direksyon depatmantal Pwoteksyon Sivil Nòdwès la, ki twouve l nan Mòn Kayo, 6è Seksyon kominal Pòdpè, nan lane 2022.
Jounen Jedi 5 jen 2025 lan, TRiboLAND.com te gen chans vizite batiman ki loje Biwo direksyon depatmantal Pwoteksyon Sivil Nòdwès la. Nan mopman sa, te genyen bat bouch ki te fèt avèk responsab la, msye Ifrène Frantz Monfort ki te fè n konnen, se yon batiman k ap fonksyone ak zong depi aprè zak piyay yo:
vit, fènèt, e pòt kraze anmiyèt moso. Mete sou sa, tout materyèl biwo te disparèt jou bwiganday la.
Msye Ifrène Frantz Monfort kontiye pou’l di, “gen demach ki deja antreprann bò kote kèk bayè defon pou reyamenaje batiman an paske gen nan bayè yo ki voye enjenye pou vin founi je gade; yon bal pa pati, alòske nou sezon siklonik.
Responsab Pwoteksyon Sivil la, nan rejyon Nódwès la, msye Ifrène Frantz Monfort, fini pou di e nap site, “Si yon katastwòf natirèl ta va frape Nódwès, nan moman sa yo, biwo a ap nan gwo difikilte pou akonpanye viktim yo akoz depo yo ki vid. Mete sou sa, biwo a toujou livre pou kont li akoz absans vit, pòt ak fenèt yo. Angro, pou yon evantyèl katasfwòf, komin Pòdpè pa prepare!
Fas ak yon tèl konsta, msye Frantz Monfort, lanse yon apèl bay tout ONG, pase pran otorite nan Leta a, ki abitye ede pwoteksyon Sivil, Nòdwès; sitou nan epòk sa yo, pou yo panse depi kounyeya, paske pi bonè se gran maten.






