Pou make fèt Pak lan nan Jeremi, plizyè santènn pèleren pakouri plizyè kilomèt vil lan.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Malgre siyasyon malmakak peyi a, ensekirite jeneralize ak lavi chè, sa pa anpeche fidèle legliz Kaotolik yo nan Jeremi matin vendredi Sen an, realize yon pelerinaj pou mande Bon Dye direksyon pou pèp ayisyen.
Nan kad aktivite relijez sila, pè yo nan diferan pawas dyosèz lan, te akonpaye evèk lan, Joseph Gontrand Decoste, atravè chak gran kafou yo nan vil Jeremi.
Dirijan eklezyastik yo te delivre yon mesaj bay dirijan yo, pou jere yon ti kal konsyans lakay yo fas ak sityasyon mas pèp lan e peyizan yo ki pa genyen okenn resous fas ak kolònn problèm yap viv chak lajounen kou lannwit.






