Ame Amerikèn ap miltipliye efò pou asiste viktim nan zòn rekile Gran Sid yo

1,521

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Ame Amerikèn ap miltipliye efò apwè gwoudou gwoudou 14 out 2021 la yon fason pou pote men fòt bay sa yo ki viktim e ki dekonekte ak rès peyi a san sekou san asistans medikal nan Gran Sid, Dayiti.

Se yon veritab kochma pou arive distribye sèvis ou resous bay sa yo ki nan bezwen ki pi ijan, dapwè responsab Coast Guard yo ki pa sispan ap bwote moun abò elikoptè “Choppers” pou antre nan kapital la avèk yo. Selon enfimyè an retrèt, Teresa Gray ki konfime ke yo genyen plize jou depi ke yap transpòte viktim ki nan nesesite swen medikal ekstrèm nan diferan kontre ki lwen yo.

Anpil ameriken ap ofwi tèt yo kòm volontè pou ale ede e pote ranfò kote ke pa genyen wout alòske lopital yo nan Gran Sid la pa gen plas pou resevwa blese.

Sa yo ki te nan gwoudou gwoudou 2010 la ak siklòn Mathieu retounen ankò pou asiste Ayiti. “Lè Ayiti nan gwo pwoblèm se toujou nan sitiyasyon ijans pou nou”, dapwè Gray ki tap depoze. Dega yo petet estime a plizyè bilyon dola; e petèt pap janm kapab rive dechifwe!

Comments are closed.