Yon gwo dife manman penba eklate nan yon kay nan Okay

1,138

07-21-2022

Okay, Ayiti _____ (TRiboLAND) Aprè midi, mèkredi 20 jiyè 2022 a, yon gwo dife eklate nan yon kay nan vil Okay. Ensandi sa rive tout prè Pon Laravin. Daprè divès temwayaj, rezidans sa te yon espas yo pwatike aktivite gaz; konsa, dife a pran parapò ak neglijans ki lye ak fason gaz yo testoke, ki kowenside ak aktivite kotidyèn moun moun yo.

Pa gen moun ki mouri, men ka grav! Genyen anpil bagay ki boule. Gras ak vijilans sapè ponpye yo, yo te rive etèn dife a.

Divès moun nan antouraj la mande pou otorite yo pran responsablite yo, yon fason pou evite moun ki pa menm nan koze vann gaz kontinye ap viktim.

Nap raple, anpil komisè ki genyen men pròp atravè peyi a detèmine sezi gaz kap vann nan lari e fè men miz sou ponp ki genyen gaz, men fè konnen pa genyen yon fason pou fè mache nwa ak machan atè. KG sa yo sezi tout gaz e revann yo nan pri nòmal bay popilasyon an e retounen lajan an nan kès piblik pou LETA.

Comments are closed.