Lapolis fouke 3 endividi ame nan Laskawobas nan moman yon operasyon

1,673

05-07-2022

Juampas, Laskawobas____(TRiboLAND)Nan yon operasyon ki arive efektye nan Juampas, komin Laskawobas, ajan PNH yo arive fouke jodi samdi 7 me 2022 a 3 endividi: Widley Israel, Cathiana Jean e Camulus Dorélus.

Konsa, lapolis konfime ke yo arive konfiske nan men mesyedàm yo 2 zam manch long (M15 ak M14), yon chake vid ak yon motosiklèt. Prezume kriminèl so yo ki genyen yon fanm nan mitan yo, te transfere nan Komisarya Mibalè pou swivi konfòm yo.

Se reyèlman enkwayàb pou fason fòs lòd yo ap trake bandi kap chape poul yo nan tout kwen nan peyi a. PNH la ta sanble ap byen pase nan dènye jou sa yo!

Comments are closed.