Pou yon nyèm fwa, Lapolis manke pran chèf teworis gang “Kraze Baryè” a Vitelhomme Innocent

536
0
Share:
TRiboLAND

Dimay, Lwès Dayiti______(TRiboLAND) Daprè yon video lapolis lage sou rezo sosyàl yo, yon lòt fwa ankò, lapolis manke poze lapat sou chèf gang Vitelhomme Innocent yè samdi 7 me 2025 lan, nan lokalite Dimay.

Daprè revelasyon video dwonn PNH yo, bandi sangwen yo te oblije kouri lage pye yo nan raje e abandone 2 pickup truck blan gang “Kraze Baryè”aprè ke lapopo tap rapouswiv yo. Enfòmasyon yo fè konnen ankò, sangwen kriminèl la, Vitelhomme te jwenn yon lòt posiblite pou li chape pou’l li, malgre done pozisyon jeolokalizasyon li atravè kadran kontwòl dwonn kamikaz Task Force yo, ke Pwimati ap opere.

Kèk sous polisyè, ki vle rete nan anonima, ta endike ke se yon operasyon nad marinad ou lave men swiye atè. Yon lòt fwa ankò, anyen pa rive chèf teworis Vitelhomme, ki yon lòt fwa ankò chape bèl.

Enfòmasyon fè konnen ke lapolis rekondwi 2 machinn gang yo; yo jwenn plizyè zam anndan yo ak yon malèt, san konte yon latriye pweskripsyon medikaman yon doktè preskri Vitelhomme Innocent.

Antouka, kritik yo ap rete tann pou yon lòt istwa “ratman ou manke pran” ankò bò kote responsab yo ki antre nan yon demach pouswit po pistach dèyè yon kriminèl ki prezante yon defi etènèl pou PNH la.

Share:

Leave a reply