Me Marie Suzy Legros triye kòm batonyè a.i nan bawo Pòtoprens lan

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè yon asanble ekstraòdinè, konsèy lòd avoka Pòtoprens yo dezinye jodi samdi 29 out 2020 an, Marie Suzy Legros, avoka bawo Pòtoprens lan kòm batonyè enterim nan plas Me Monferrier Dorval ke sangwen lachman asasine lakay li yèswa vandredi 28 out 2020 an, nan Petyonvil.
Dezinyasyon Me Legro a fèt avèk konplisite paragraph atik 42 dekrè 29 mas 1970 la, ki mete anfaz sou regleman profesyon avoka a anndan peyi a.
Konsa, selon rezolusyon konsèy lòd la, Me Legros antan ke batonyè a.i ap gen pou òganize eleksyon tou nèf.






