Pou òganizasyon fanm yo nan grandans, grangou se yon eleman kle nan kesyon ensekirite a.

1,019

03 -23-2023

Jeremi, Ayiti____( TRiboLAND) Divès manm òganizasyon fanm ki genyen fanm nan fanm yo, ki te soti nan plizyè komin nan depatman Grandans lan, foule beton an jedi 23 mas 2023 a pou di, “aba lavi chè, vyolans ak ensekirite”.

Òganizasyon sila yo, sou direktif mouvman fanm pou devlopman Grandans, pakouri kèk ri nan vil Jeremi kont tout fòm vyolans ke yo ap sibi anba je otorite yo nan pouvwa a.

Fanm yo te mache avèk anpil pwodwi premye nesesite pou montre kòman lavi a chè pou yo menm fanm peyizann ak nan katye defavorize yo nan Grandans.

Òganizasyon fanm yo ki tap manifeste san vyolans, pwomèt pou kontinye pran beton an jouk mayi mi; jis pou fòse gouvenman an panche sou pwoblèm ensekirite jeneralize a ak pwoblèm lavi chè ki fose atoufè yo komèt zak malonèt nan kominote yo.

Comments are closed.