Nan okazyon swasantdisetyèm ane deklarasyon inivèsèl dwa moun yo, santwal inite ak travayè sektè piblik yo, bwanch Grandans, denonse move sitiasyon dwa moun nan Grandans.

176
0
Share:
TRiboLAND

10 – 12 – 2025

Jeremi – Ayiti ( TRiboLAND) Nan okazyon swasantdisetyèm ane deklarasyon inivèsèl dwa moun yo nan Grandans, kòdonatè depatmantal Santwal Inite Travayè ak sektè piblik e prive peyi Dayiti (CUTRASEPH), Pwòfesè James Alexis drese yon tablo trè kritik sou sityasyon dwa moun yo nan Grandans peyi a; yon seri pwatik ki pa respekte preske atravè depatman an.

Kodonatè Alexis ale pi lwen pou anonse jou kap 13 Desanm 2025 lan, yon gwo rasanbleman pwevwa fèt nan vil Jeremi nan objektif pou tabli yon fèy dewout pou retablisman dwa granmoun Dayiti, fas ak enjerans kominote entènasyonal lan, ak konze ayisyen yo; nan lespri pa yo, ki vle fini nèt ak souverènte peyi a.

Share:

Leave a reply