Nòdwès Operasyon Lapolis: yon bandi mouri, yon lòt anba kòd e blese grav aprè boukantaj kout zam ak lapolis

3,260

05-07-2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la arive mete men nan pat kasav 2 bandi ki nan kòkòday ak yon group gang sangwen nan Pandi nan komin Gro Mòn. Presume kriminèl bandi sa yo ki espesyàlize nan kidnapping ak detounman machin, te konn ap opera nan komin Basen Ble ak Sen Lwi Dinò.

Sikonstans ki antoure blesu ou domaj kòporèl bandi yo ki te egzije yo pran kabann nan yon lopital ki a kèk kilomèt vil Pòdpè, chaje avèk nyàj jiska prezan. Otorite yo mete gro dispozitif sekirite pandan yap reseve laswenyàj medikal parapò ak bal ke yo te gravman resevwà nan boukante kout zam ak lapolis.

Antouka, enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND, ta fè eta de youn nan bandi yo ki se yon pitit Sen Lwi Dinò, Chidlet Fénelon 22 lane, ta mouri akoz eta li ki deteryore aprè li te resevwà 6 katouch. Sepandan, lòt presume kriminèl la ki rele Chadsen Saturné kontinye ap resevwà grese sere medikal nan lopital la.

Paralèlman, Sidrack Benel se non yon lòt bandi sangwen ki te blese egalman nan yon lòt operasyon lapolis. Konsa, eta li pat nesesite entèvansyon medikal. Kidonk, koulya lap fè prizon aprè ke li te prezante devan pakè.

Lagè kont gang yo ta sanble ap fè resèt nan depatman Nòdwès la; fòs lòd yo pa sispann montre detèminasyon yo pou flite bandi san fwà ni lwà kap tèworize popilasyon an chak jou ki jou. Anpil kritik estime ke genyen bonjan lespwà ak nouvo direksyon lapolis la kap travay an konplisite ak antite jidisyè a ki pa nan danse kole ni fè resèt ak bandi kidnapè. Kèk lòt kritik ale pi lwen pou yo di, pandan anviwon sèlman yon mwa depi nouvo otorite sekiritè yo pran mayòl la:

a) Popilasyon an arive pase alenfinitif 2 gro chèf gang; b) lapolis arive sezi 11 zam; c) 3 gwo bandi arete;
d) pa gen okenn zak kidnapping ki fèt sou wout Pòdpè a.

Antouka, rayi chyen, di dan li blan! Genyen bonjan efò grese sere otorite sekiritè ap fè nan depatman Nòdwès la jounen jodia. Konsta yo bay, se yon seri dispozitif ki trè pozitif nan kad retabli lòd ak sekirite piblik nan Depatman an. Operasyon flite ak dezenfekte bandi sangwen, sèl solusyon ki kapab bay yon ti lòzèy espwà pou yon popilasyon dezespere e ki ta swete operasyon polisyè yo pa “show business”. Bravo Lapolis!

Comments are closed.