Yon rankont prevwa fèt ant peyi Larisi ak Etazini nan peyi Arabi Sawodit sou dosye Ikrènn nan, san patisipasyon Kiyèv

427
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Yon jounal peyi Larisi anonse yon gro reyinyon ant peyi Larisi ak peyi Etazini nan peyi Arabi Sawodit demen madi 18 fevriye 2025 lan, aloske medya ameriken yo rapòte ke Kiyèv pat jwen envitasyon pou yon parèy rankont.

Jounal la ki se “Kommersant”, konfime yè dimanch 16 fevriye a daprè yon sous Kremlen, ke yon delegasyon ofisyèl peyi Larisi, ki genyen nan tèt li minis Afè Lòt Bò Dlo Larisi a, Sergey Lavrov, alòske ekip negosyasyon amerikèn nan genyen nan tèt li sekretè Deta Marco Rubio.

Enfòmasyon yo rapouswiv pou di ke medya ameriken yo fè konnen otorite ikrènn pat envite oubyen pat dispose pou patisipe nan yon parèy sòlòkòtò.

Nap raple, mèkredi pase, prezidan Vladimir Poutine ak tokay li Donald Trump, te fè yon ti bat bouch telefonik, kote ke yo tap define kontak sou regleman konfli a nan Ikrènn san pèdi tan. Mete yon fen nan lagè Ikrènn nan, se yon pwomès ke Donald Trump tap klewonnen atravè kanpay elektoral li.

Share:

Leave a reply