Yon jèn gason pann tèt li ak yon kòd pit sou yon pye mango nan lokalite Ali nan Wanament

211
0
Share:
TRiboLAND

02-12-2023

Savann-Long, Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Roselin Jean Baptiste, se non yon jèn gason ki pann tèt li ak yon kòd pit anlè yon pyebwa jodi dimanch 12 fevriye 2023 a, nan lokalite Ali, nan Wanament.

Enfòmasyon ki vinn jwen TRiboLAND fè konnen manm nan fanmiy Jean-Baptiste Roselin jwenn li mouri kò li anfle e pandye nan yon pye mango, jounen dimanch lan nan yon forè ki touprè lokal legliz Batis Savann-Long, pa trò lwen lakay li.

Daprè premye eleman enfòmasyon yo, sitwayen sa te sove kite kay li depi madi 7 fevriye 2023. Nan moman li te kite lakay li a, li te sove ak yon kòd nan men’l selon kèk manm nan fanmiy li. Malgre anpil rechèch fanmil li te fè, yo pat janm arive jwenn li. Sepandan manm fanmiy li kwè se li menm ki ta touye tèt li.

Nap fè remake jiska prezan poko genyen oken enfòmasyon jistifikativ ki kapab detèmine koz desè a.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Share:

Leave a reply