Komisè Gouvènman pakè jiridiksyon Jeremi an, libere kèk prizonye nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwà Moun yo

342
0
Share:
TRiboLAND

12 – 10 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Chèf pakè Jiridiksyon Jeremi an, Mèt Jean Marie Gaetjeens Alexandre, nan kad detansyon prevantiv pwolonje, libere nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwà Moun yo, libere 11 prizonye nan prizon sivil Jeremi an, jodi madi 10 desanm 2024 la.

Selon desizyon komisè a, prizonye annafè yo te enplike nan yon seri ti dosye ki pa genyen nannan, tankou: vòl men ame, vòlè rejim bannan, kabrit, telefòn pou nou site sa yo sèlman. Detni yo te genyen 2 jiska 3 lane ap pran lanm dèyè bawo e tap fè fas ak gwo sakad tibèkiloz ak gratèl.

Konsa, pou rezon imanitè, komisè Alexandre nan tèt kole ak dwayen an, Mèt François Phiney ak plizyè lòt òganizasyon, tankou Jitis ak Lapè, te santi li nesesè pou prizonye sila yo te jwen liberasyon yo, sitou nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwà Moun yo.

Share:

Leave a reply