Pòdpè : bouskilad nan diferan ponp gaz alòske jès baryè pou batay ak kowonaviris la pa respekte

476

06/21/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Gwo sitiyasyon bouskilad ak anbouteyàj pou jwen yon ti lòsyè gaz nan Pòdpè, bay anpil tèt fè mal. Pou jwen yon ti gaz, taxi moto oblije leve bonè, pil sou pil pou arive si gentan, jwen yon to degout gaz atravè ponp gazolin yo, patikilyèman nan “National” nan vil Pòdpè jodi lendi 21 jwen 2021 an.

Se yon veritab dezòd bouhara ki pa lèse pèsòn moun sou tansyen, sitou anpil moun kòmanse ap santi efè absans gaz ki pwès ke yon pwodwi deluks nan depatman Nòdwès la. Gwo rumè ta vle fè kwè se bandi sangwen nan Pòtopwens ki pa fasilite gwo tankè yo al apwovizyone nan Thor alòske sikilasyon nan Matisan enpwatikab pandan plizyè semèn. Ajoute ak sa, pwotestasyon woutyè nan Gwomòn ak Kanifis kont pwezidan defakto Jovenel Moise, genyen anpil pou wè avèk ratman gaz la nan zòn depatman Nòdwès la.

Anpil moun deklare nan yon kontèks parèy jès baryè yo pa respekte bò kote popilasyon ki poko vle rekonèt danje mòtèl kowonaviris la. Rezidans yo genyen gwo kè kase pou sòs la pa koute pi chè ke vyann lan; kidonk, anpil moun kapab enfekte ak kowonaviris nan yon parèy sere kole pou boske 2 ou 3 ti konngout gaz.

Ychmuth Corneille

Comments are closed.