Aprè ke Direktè Kès Asistans Sosyàl la, Elinor Devallon tranpe nan yon eskandal, DCPJ prosede ak arestasyon li

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) DCPJ fouke dirèk tè Kès Asistans Sosyàl (KAS) la, Elionor Devallon aprèmidi jedi 30 janvye 2025 la. Malgre ke lapolis pa kominike motif arestasyon an, sepandan yon fè ki sèten, Mesye Devallon ap reflechi nan Direksyon Santral Polis Jidisyè ki nan Pon Morin an, nan Pòtopwens, daprè sa ki soti nan bouch Lionel Lazare, ràpòtè adjwen Polis Nasyonal la.
“KAS” ki se yon enstitisyon vital kap bay sa yo ki defavorize bourad, kreye anpil kè sere ak kesyon sou transparans ak entegrite nan bwàt sosyàl sila. Arestasyon yon gro pwason tankou Devallon, nan bwàt etatik sila, kreye anpil espekilasyon ak kè sere sou pèsepsyon èd sosyàl nan peyi Dayiti.






