Operasyon lapolis nan Kanaan okazyon arestasyon 8 moun ak konfiskasyon yon krèy materyèl

363

01/05/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Swit ak operasyon lapolis te fè 2 janvye a ki te okazyone 3 moun mouri ak 2 blese, genyen ywit moun nan zafè sa ki jwen arestasyon yo sou akizasyon pètibatè. Se yon group gason batayè ki te reklame tèt yo kòm “Ame Latè” e ki tap drese barikàd anflame nan Kanaan yon manyè pou te anpeche sikilasyon an nan rejyon an.

Konsa, lapolis arive sezi yon pistolè, yon fizi daso, 4 ensiy BSAP, 2 machin ak 87 badj ki genyen logo FADH ladan yo, 28 telefòn pòtab, daprè enspektè divizyonè Garry Desrosiers ki t’ap depoze nan yon konferans pou Laprès jodi madi 5 janvye 2021 an nan Pòtoprens.

Pami presume koupab yo, ou jwen Délius Pierre, yon ayisyen-ameriken ki tap eseye pran zàm pou anvlime yon revolusyon nan peyi Dayiti, daprè Desrosiers ki konfime ke annafè yo kontinye ap reponn kesyon polis jidisyè a.

Comments are closed.