Plizyè moun krible ak bal nan rezidans Enjenyè Lavoisier Lamothe nan Pegguy-Ville yè lendi swa a

469

Petyonvil____(TRiboLAND) Enjenyè Lavoisier Lamothe 56 lane ansanm avèk madanm li, Farah Martine Lhérisson Lamothe 49 lane, poyetès, pwofesè, Direktris Lekòl Saint Léonard nan Delmas 43, ak pitit yo Laurent e yon gadyen rezidans Jean Louis krible anba bal vè 8 è lendi swa lakay yo nan Pegguy-Ville, dapwè konfimasyon yon sous polisyè.

Mesye ak Madanm Lamothe te rive mouri nan moman yo te apènn rive lopital avèk èd yon vwazen, Laurent mouri yon ti bout tan apwè alòske sèvis anbilansye CAN te bwit sou kou transpòte jeran Jean Louis nan lopital HUEH.

Leve kò yo te fèt an pwezans plizyè manm nan fanmiy lan. Se Jij supliyan Petion-Ville la, Mèt Dieudonné Phidelito kit e fè konsta legal kadav yo. Konsa, responsab DCPJ pat pran tan pou pwezan sou plas yon fason pou fè pwelèvman oubyen kolekte endis ak fouye zo nan kalalou.

Se yon gwo kou pou literati ayisyènn nan ou kad peyi a kap fenn mouri anba je yon leta initil ki mete tèt ansanm ak yon gouvènman enkonpetan nan tout nivo. Ke nanm yo repoze anpè!

Comments are closed.