Kongo: Prezidan Félix Tshisekedi deklare ke li ap pare yon repons tranble jarèt kont avanse fòs rebèl M23 yo ak tout reselè li yo

371
0
Share:
TRiboLAND

Kinsasha, RDC_____(TRiboLAND) Prezidan Repiblik Demokratik Kongo a, Félix Tshisekedi deklare ke li rezève yon repons tranble jarèt kont rebèl M23 yo ke Rwanda ap soutni e ki avanse sou moso tè Lès peyi a, ki rele Kongo chèmèt, chèmètrès.

Rebèl M23 yo ki jwen konplisite prezidan Paul Kagame, deja fè dap piyanp sou yon rejyon ki rich an mineral, nan zòn Lès peyi a, kote ke yo deja okipe yon bon pati nan vil Goma, kapital provens Nò-Kivu. Otorite Kinsasha yo, nan yon fwon komin ak Nasyon Zini e payi Etazini e latriye, lonje dwàt sou fòs rwandèz yo kap bay rebel M23 yo jarèt, yon akizasyon peyi Rwanda voye totalman jete.

Nan yon entèvansyon televise li fè, presidan Félix Tshisekedi fè eta de yon repons san parèy ke lame a ap prepare e kowòdone kont teworis yo. Dirijan Kongo a, ale pi lwen pou li kondane pasivite kominote Entènasyonal la, li di nan kad sa li kalifye “agravasyon sanzatann nan siyasyon sekiritè a.

Yè madi a, popilasyon kongolèz la ki te sou mòd protestasyon li, atake anbasad Rwanda, akize li kòm youn nan peyi ki deklare Kongo lagè. Manifestasyon yo te pase pran egalman anbasad La Frans, Bèljik ak Etazini, yo di ki pa di anyen nan fèy malanga. Alòske, prezidan Angola a, João Lourenço mande pou rebel M23 yo, ansanm avèk fòs rwandèz yo pou kite vil Goma yon fason pou sekirite kapad retounen sou tèritwa Kongo a.

Share:

Leave a reply