Flash/flash : Van tansyon prizon kraze Pòtoprens lan tanmen sakaje prizon sivil Jakmèl la aswè a.

734

03 – 05 – 2024

Jakmèl, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo van sityasyon panik ki tap sakaje prizon sivil yo nan Pòtoprens apèn tanmen nan prizon sivil Jakmèl la nan moman nap pale la e kreye anpil panik ak gwo kè kase.

Plizyè prizonye ap tante lage pye yo, ajan APENA yo ap simen gaz lakrimojèn devan dèyè, san konte gwo bri katouch k ap fè mikalaw pou eseye gade nan ki nivo yo kapab reprann kontwòl prizon an.

Sityasyon sa a, dapwè plizyè sitwayen ki abite tou pre sant kaseral Jakmèl la, lakòz gwo kè sote ak latranblad nan mitan popilasyon an ki twouve yo nan anviwònman prizon sivil sila.

Comments are closed.