Sidès / ensekirite : Lapopo dekonstonbre yon nich gang nan Marigo

1,422

10-31-2022

Marigo, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis dekonstonbre yon nich gang jodi lendi 31 oktòb la nan zòn Makari, 3èm seksyon kominal Marigo nan depatman Sidès peyi a.

Fòs lòd yo arive pran nan nas yon group 6 bandi ki genyen yon gro chèf gang nan tèt li ki rele Alexis Daniel alyas “Ti Daniel” ki tap fè abitan yo moute ma swife.

Lapopo, nan moman operasyon an arive sezi: 5 telefòn, 2 ponya ak 6 manchèt, yon revòlvè, yon pistolè, yon zam kreyòl, plizyè katouch, yon kagoul ak inifòm ki tèt koupe ak sa inite espesyalize PNH la posede.

Operasyon Makari a, te jwen bourad SDPJ, UDMO-SE ak konplisite Sibtiti Komisè Gouvènman an Mèt Royal Mathurin ak Jij Anofène ki nan komin Marigo.

Antouka, kriminèl sangwen yo tankou Soifaite James ak Alexis Daniel, te oblije temwanye ke se yo menm ki te egzekite Olice Marseille ak Pansely Beaujour ak menm zam fòs lòd yo konfiske a.

Comments are closed.