Yon group sitwayen protestatè kadnase pòt meri Tigwàv la e mande katèl voryen aktyèl la mache pòs li

248
2
Share:
TRiboLAND

01 – 15 – 2025

Tigwàv, Ayiti_____(TRiboLAND) Komin Tigwav ap viv kri detrès yon seri sitwayen ki leve kanpe kont katèl rasi Tigwàv la ki ta soti pou enpoze tèt yo ankò nan meri a. Konsa, yon van protestasyon san parèy tanmen devan minisipalite Tigwav la, e menm arive prosede ak fèmen pòt enstitisyon an akòs nivo pasivite ak enkonpetans yo otorite yo.

Protestatè yo bay CPT a, ak tout gouvènman an yon miz angad pou pa menm pran chans rekondwi rejè sila yo ki pap fè lòt bagay ke antre Tigwàv nan plis mizè ak anachi sosyàl e ekonomik.

Foul moun sila yo ki tap bay katèl pa itil la, mounnen pyès li, mande Leta Santral ke yo pa nan konivans avèk katèl voryen komin Tigwàv la kap ofri magogo lajan anba anba pou rekondwi yon lòt fwa ankò nan figi popilasyon an.

Konsa, yo menase chwazi 3 sitwayen onèt pou ranplase katèl depaman lòbèy la kap grate santi depi yon bon bout tan.

Protestatè yo estime ke genyen yon seri vye desizyon tèt chat kap pran nan non popilasyon Tigwav la, ki dwe sispann; e fwa sa, yo estime ke kou sila, pap pase! Vil la sal, fatra, wout ap kraze, pa gen travay, vòlè ap fè gro lajan sou tèt popilasyon an sou warf la; li lè pou genyen yon katèl serye ki pa piyajè, men ki dekoule de yon fòs koalisyon pou sove komin Tigwàv.

Share:

2 comments

Leave a reply