Yon chèf gang sangwen blese mòtèlman anba bal lapolis e 2 lòt jwen arestasyon yo nan vil Pòdpè

1,875

09-26-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND Johnley Pierre, alyàs Lélé, gro chèf gang nan zòn 3 Rivyè nan vil Pòdpè, blese mòtèlman anba kout zam jodi lendi 26 septanm 2022 a nan yon operasyon lapolis.

Nan moman operasyon tranble janm lan, fòs lòd yo arive prosede egalman ak arestasyon Edler Saintil 19 lane, ak James Eugène 32 lane ki te nan danse kole ak Lélé.

Nap raple, sa pa genyen 2 semèn depi ke yon lòt chèf gang notwa, Mèt Kafou te jwen lanmò li nan zòn Lakoup, nan site Kapwa Lamò a, nan moman li tap boukante kout zam ak lapopo.

Direksyon depatmantal Polis la nan vil Pòdpè, felisite supò popilasyon an ki pa sispan ede yo deniche bandi sangwen yo.

Comments are closed.