Lapolis fèmen zye yo sou ensekiriteTi Bwadòm nan alòske yo ouvè zye yo sou malere chofè taksi yo nan zafè sikilasyon.

1,221

04-12-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon prezidan asosyasyon taksi moto yo, Williamceau Wislet rann piblik yè dimanch 09 avril 2023 la, li kritike konpòtman lapolis ki fin dechennen, lèl fè konnen, chak jou ki jou polisye yo pran lari tanmen yon sistèm sikilasyon nan dègonn chofè taksi moto yo.

Wislet kontinye poul di, malgre DGI pa anmezi pou’l bay chofè moto yo plak, sa pa anpeche polisye yo kenbe moto yo e yo egzije yon amand 1000 G, chak jou, jiskaske yo rekipere moto yo.

Yon lòt bò, prezidan an lonje dwèt jouda men longè sou direktè depatmantal polis la, ko te li fè konnen, depi l rive nan tèt polis la nan Nòdwès se sèl zafè sikilasyon kap regle alòske Tibwadòm menm ap vale teren, moun kontinye pa ka sikile sou wout la.

Plede anfavè chofè taksi yo, prezidan asosyasyon taksi moto a, Williamceau Wislet mande ak direksyon depatmantal polis la ansanm ak responsab sikilasyon an, bay chofè moto yo yon chans paske chofè yo pa dwe yon sib pou PNH la, lèl fè konnen wòch nan dlo pa konn doulè wòch nan Solèy!



Comments are closed.