Direktè travo piblik Grandans lan, pwan desizyon pou rekipere tout materyèl TPTC yo ki te sou kontwòl palmantè ak politisyen atoufè.

106
0
Share:
TRiboLAND

05 – 05 – 2026

Koray, Ayiti______(TRiboLAND) Direktè depatmantal ministè travo piblik transpò ak kominikasyon gouvènman Alix Didier Fils-Aimé an, enjenyè Kesnel Parice, pwan yon desizyon ak ekip li pou rekipere otan ke posib tout materyèl direksyon depatmantal lan, ki te sou kontwòl ansyen depite, senatè ak ajan ekzekitif enterimè yo atravè kèk komin depatman Grandans lan depi sou pouvwa Jovenèl Moise la.

Selon direktè Parice ak konkou e kolaborasyon notab yo nan dezyèm seksyon kominal Fondikak nan komin Koray, li rive rekipere yon D-9 mak katèpila ki te abandone depi anviwon sis lane nan yon rak bwa, akoz pwoblèm yon tib ak batri. Toujou daprè direktê Parice, se yon aparèy ki genyen anpil kapasite pou rezoud pwoblèm wout, patikilyèman kote ki genyen tèt mònn, anpil wòch ak falèz.

Nan kad travay sa a ki vize ale nan chak zonn nan depatman Grandans lan, pou boske materyèl woulan leta ayisyen ki sou kontwòl ministè travo piblik transpò ak kominikasyon an, direktè a mande pou popilasyon an kontinye kolabore nan founi bonjan enfòmasyon kap ede travay la vanse yon fason pou direksyon depatmantal la jwenn plis mwayen lojistik pou pèse plis wout ki kapab fasilite lib sikilasyon ou transpòtasyon piblik pou peyizan yo.

Share:

Leave a reply