Nò: Jounen Entènasyonal Andikape yo

245

12\03\20

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Nan okazyon “Jounen Entènasyonal moun andikape” yo, jodi 3 desanm 2020 an, responsab Rezo Asosiyatif Nasyonal pou Entegrasyon moun andikape yo “RANIPH”, òganize yon jounen brase lide nan lekól Pwofesyonel site Lesko a, nan vil Okap, nan entansyon granmoun ak timoun andikape ki te soti toupatou nan depatman Nò a sou tèm “Yon sosyete enklizif aprè kovid-19 ki vle di tout moun ladan l.

Nan entèvansyon l, manm Sekretarya Jeneral RANIPH lan, Madàm Compère Anne Vierge deklare “dwa moun andikape yo pa respekte nan sosyete ayisyèn nan”. Selon Madanm nan, andikape yo pa gen aksè pou frekante biwo piblik tankou prive yo.

Leta ki la pou kreye travay, pa rive entegre yo nan bwat leta kóm anplwaye. Tout bagay sa yo daprè Madàm Vierge rantre nan kad diskriminasyon.

Comments are closed.