Mèri Pòdpè mande Komisè Gouvènman pou mete aksyon piblik an mouvman kont moun kap vann gaz nan lari yo

07-20-2022
Pòdpè, Ayiti ______ (TRiboLAND) Nan yon korespondans Mèri Pòdpè adrese Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, an lokirans Me Vital Bertin, pou atire atansyon li sou pwatik gaz kap vann yon manyè ilegal e ki reprezante yon menas pou popilasyon an.
Swivan kominike ki te soti nan dat 14 jiyè 2022 a, kote Ministè Komès entèdi koze vann gaz sou tout teritwa peyia. Komisyon enterimè kap jere vil la, ki gen nan tèt li Josué Alusma ekri komisè Vital pou mande li pou pase lòd ak Lapolis pou sezi gaz ak arete tout moun ki pa vle koube anba desizyon sila.






