Direktè PNH la, Vladimir Paraison ta rekondwi ansyen komisè divizyonè Jacques Ader nan DDO.

11 – 20 – 2026
Pòtopwens, Ayiti _____ (TRiboLAND) Direktè polis Nasyonal Dayiti (PNH) Vladimir Paraison ta rekondwi ak komisè divizyonè Jacques Ader nan DDO aprè midi jedi 19 novanm 2026 lan. Selon enfòmasyon kap sikile nan nivo radio tradisyonèl yo ak sou rezo sosyo yo.
Se konsa, enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke gwo Alatèt PNH la, Vladimir Paraison fè chwa sila, nan lide pou pote soutyen li bay Task Force la nan kad batay k’ap mennen pou eradike gang kriminèl Viv Ansanm yo ki pran peyi a annotaj depi plis pase 5 lane.
N’ap raple, nan moman Jacques Ader te komisè divizyonè, anpil bèl rezilta te anrejistre e anpil bandi kriminèl san sal te konn jwenn bouchon yo. Sepandan, dirijan kriminèl gang, k’ap defann gang nan tèt peyi a, te oblije fè voye li nan kanpe lwen pa pwoche.






