Ayiti enèji: plis pwodwi petwòl gen pou antre nan jou k’ap vini yo

265

01/07/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Anpil presyon ak anbouteyàj nan divès ponp gazolin akòz ratman gaz la ki pa sispan fè san ti li nan diferan ra kwen anndan peyi Dayiti.

Konsa, nan yon nòt pou laprès ke li mete deyò, Direksyon jeneral BMPAD la deklare, “pa genyen reyèlman ratman gazolin ak dizèl. Responsab yo konfime antre 2 lòt gagezon gazolin ak dizèl nan Pòtoprens ant 7 – 9 janvye 2021 e 9 – 11 janvye 2021,” apa 165,000 barik ki deja antre a.

BMPAD kontinye pou’l avèti popilasyon an pran men li avèk raketè ki ap simaye rumè ki pou kreye troub nan mitan yo avèk kesyon ratman pwodwi transvèsal sa ki deja kreye anpil van panik.

Li mande tout moun “kenbe kalm yo e voye jete tout vye rumè sa yo sou mache a.”

Comments are closed.