KPT a deside batay kif kif kont bandi sangwen yo

TRiboLAND.com
KPT a deside batay kif kif kont badi yo, se deklarasyon piblik konseye pwezidansyèl Fritz Alphonse Jean fè nan kad ochan ak felizitasyon ke li tap lanse bay popilasyon an ki kontinye akonpanye PNH la nan demach batay pou ratibwaze gang sangwen ame yo.
Si otorite avan yo te toujou nan tete lang ak chita nan kòkòday ak bandi pou jere pouvwa yo; koulya, sa kaba, daprè Fritz Jean ki tap depoze kont gang yo. Konseye a estime ke baton an chanje bout e rann kont ke genyen bonjan entèvansyon ayayay kap manniganse nan dènye operasyon lapolis fè nan Ba Delma ak nan Latibonit, daprè sa Radio Télé Métronome fè konnen sou paj Facebook li.





