Arestasyon Dor Mirlande pou zak auto-kidnapping

324
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Gro sòlòkòtò zak kidnapping lendi swa 25 novanm dewoule nan moman ajan SDPJ avèk konplisite UDMO mete men sou Dor Mirlande, yon jènn fanm atoufè ki kreye yon espektak kidnapping sou pwòp tèt li.

Selon enfòmasyon lapolis, Mirlande, ki nan reselè ak mennaj li, òganize yon auto-kidnapping nan aprèmidi 21 novanm 2024 la. Mennaj Mirlande te konpòte li kòm ravisè, alòske manman rizyèz la tap rele fanmiy li pou reklame yon ranson 10,000 dola vèt blan meriken.

Selon deklarasyon kriminèl la bay SDPJ-SE, li rekonèt zak malonèt li poze a, e li santi se yon dezonètete pou li menm ak tout fanmiy li. Sispèk la, esplike ke se nesesite lajan ki pèmèt li arive fabrike yon parèy plan. Kidonk, zak auto-kidnapping ke lajistis sanksyone sevèman, kontinye ap soulve gro kesyon tèt chaje sou motivasyon moun ak limit moralite nan sosyete ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply