Lapolis nan Komisarya Santral Komin Gran Gwav, mare takou krab yon prezime bandi sangwen, kriminèl nan 7èm seksyon.

07 – 09 – 2024
Gran Gwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan Komisarya Santral Gran Gwav, mare tankou krab yon prezime bandi sangwen, kriminèl nan 7èm seksyon Dano, jounen madi 09 jen 2024 la, ozanviowon 3 zè konsa.
Selon responsab lapolis nan Gran Gwav, prezime bandi a, ki tap viv nan Vilaj Dedye, resevwa plizyè bal nan pye, li sove kite vilaj, pou al pran refij li nan Dano ak plizyè lòt bandi akolit li.
Toujou daprè fòs lòd yo, nan moman yo te fè entèvansyon an, te genyen plizyè lòt bandi ki te avèk li; yo kouri chape pou’l yo.
Li enpòtan pou nou konnen, prezime bandi kriminèl la, ap reflechi nan gadavi komisarya santral Grand Gwav la, pou swit legal yo.
Your point of view caught my eye and was very interesting. Thanks. I have a question for you.
Your article helped me a lot, is there any more related content? Thanks!