Premye Minis Joseph Jouthe eskominye CNDDR e ap bay pawòl

241

12/22/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon konferans ke li bay yè lendi 21 desanm 2020 an nan residans ofisisyèl li nan Musseau, Premye minis Joseph Jouthe abode plizyè pwen tankou: Commission Nationale de Désarmement, de démantèlement et de reinsertion (CNDDR), sekirite sou rout nasyonal yo ak operasyon polisyè nan Village de Dieu, netwayaj nan rejyon metropolitan Pòtoprens ak kanaval 2021.

PM Jouthe ki tap pale an prezans plizyè minis avèk laprès pat manke fè yon lòt show mediatique nan lanse yon lòt yèm mizangàd bay group gang yo anndan peyi a. Jouthe ki te trè jovyàl nan fè maryonèt, te lanse yon lòt menas demantèlman kont tout group gang ke CNDDR la echwe nan pale fransè ak souse kenèp ansanm, daprè Joseph Jouthe ki tap depoze.

Antouka, pawòl gro gagann ak fè bwi pou granmesi pa sispann klerone anndan gouvènman Jouthe la ki deja anonse bandi yo pakou lapolis aprè yo mete fen nan operasyon Village de Dieu yo.

Pou anpil moun, se yon veritab teyàt ak swa dizan dirijan iresponsab: san plan, san objektif, san sousi, san vizyon, san imanism, san konpetans, san moralite e san anbarasman nasyonal ak entènasyonal. Yon gouvenman ki fè ansanm ak gang eki kenpe tout yon popilasyon anba masak deta ak efondreman Ayiti chak jou Bondye mete.

Comments are closed.