Fondasyon TRiboLAND: Fòmasyon gratis sou “Antreprenarya” pou jèn yo sou Zile Latòti

11 – 14 – 2024
Fonkiyès, Zile Latòti_____(TRiboLAND) Nan sousi pou oryante e dote jèn lakay yo, yon zouti pou pran inisyativ ki kapab pote solisyon ak idantifye opòtinite sou mache a fas ak yon seri pwoblèm ekonomik, Fondasyon TRiboLAND sou zile Latòti, anba kòdinasyon kòdonatè Ducasse Christopher, yon gwo kòkenchenn fòmasyon gratis pral layite sou “Antreprenarya”, anba lobedyans yon ekspè nan domèn nan ki se Pastè A. Fontane.

Fòmasyon sila, ki pral reyini jounen 18 novanm 2024 la, divès kouch jèn tankou nan diferan lokalite, pral loje nan lekòl Kay Mèt Doné a, nan Fonkiyèz, Latòti. Avèk yon tematik ki pral chita sou 3 kle antreprenarya, jèn yon pral genyen opòtinite pou devlope kapasite pou kreye ou amelyore pwojè, pwodwi e sèvis. Tout sa, pral sène plizyè aspè tankou inovasyon, planifikasyon estratejik, jesyon resous ak adaptabilite sou chanjman sou mache a.
Konsa, Fondasyon TRiboLAND, swete yon bon aprantisaj pou tout sa yo ki deja mobilize nan kad tire pran bonjan bèt ou konpetans ki pral pèmèt yo devlope kapasite antreprenarya pou reponn ak yon seri bezwen sou mache lokal la.







Mèsi PDG papa Loulou pou fason w ap ede jenès la anbeli tèt yo.
Fondation Triboland Mombin-Crochu
Mèsi pou enfòmasyon an
Fondation Triboland Mombin-Crochu