TRiboland reyisi aktivite vakans pou plis pase 45 timoun nan Ansafolè

971

08-29-2023

Ansafolè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou lobedyans Fondasyon TRiboLAND, 45 timoun ant 10 a 14 an patisipe nan jounen fòmasyon sou Art floral, Desen ak Playdagogie nan lokal lekòl Nasyonal Cacique Henri a, jodi mardi 28 dawou 2023.

Aktivite yo te demare soti depi 9è nan maten pou rive 3è nan apwèmidi. Fòmatè yo ki te plis konpoze de jèn fanm e jèn gason, te montre yo te nan otè timoun pou te rive delivre yon aprantisaj ki te bon jan kalite. Seyans yo te fèt an rotasyon e yo te dire 5 èdtan kote ke chovi you te ekspwime anpil satisfaksyon.

Nap raple se pa premye aktivite Fondasyon TRiboLAND reyalize nan komin Ansafolè. Nan mwa avril dènye, ekip Kòdinasyon TRiboLAND nan Ansafolè te òganize 2 jou fòmasyon pou plis pase 80 jèn fi ak gason sou transfòmation pwodui chimik; yon gwo sòlòkòtò ki te reyini yon latriye moun ki te soti nan tou bout kwen e ki te fèt sou leadership Kòdonatè Me Victor Jn Herard.

Comments are closed.