Ki bèt ki pi entelijan sou la tè?

0 317

Chyenpanze ta sanble li alatèt nan lis chèchè yo. Yo kreye oubyen itilize enstriman, òganize yo an gwoup pou fè lachas, solisyone pwoblem mentalman, aprann e kapab kominike an sign, e itilize senbòl pou objè.

Yo an mezi pou sonje sign nan non moun ke yo pa wè depi kèk ane, devlope bon jan relasyon ak parèy yo e soumèt egzakteman sou nòm sosyàl oubyen lòd yerachik sosyete chyenpanze-a. Yo egalman kapab komèt ak vyolans, men yo kapab tou exprime senpati anvè lòt chyenpanze. Yo reyèlman ta vle prèske konpòte yo menm jan ak umen!

Ouwanoutan se yon animal ki menm kategori “gwo makak” pwèske menm bagay ak chyenpanze. Yo kapab itilize zouti e genyen yon kilti ki trè fò. Ti bebe yo dòdinè toujou rete avèk manman yo pou anpil ane, e manman yo apwann yo tout say o bezwen konnen pou yo kapab suviv nan forè.

Goril oubyen kapab an mezi pou kase yon bwanch bwa epi itilize li pou mezire pwofondè yon rivyè avan yo travèse-l. Yo remake ke goril itilize teknik tankou yon gwo bout bwa atravè yon fason pou travèse kote ki gen dlo oubyen labou. Goril itilize entelijans li nan pwan ròch pou kraze ak ouvri yon seri grenn ki di pou manje.

Dolfen se yon bèt ki sosyàb anpil, e yo genyen yon langaj ki konplèx ak yon fakilte apwantisaj ki pèmèt yo egzekite yon vas majorite kòmand ak yon pakèt travay. Se poutèt sa yo anfòm nan akwaryòm. Yo sanble tou ke yo se bèt ki gen plis kè kontan pami tout lòt bèt ki genyen sou tè-a. Yo itilize ekolokasyon, soufle, fè kous naje, fè toubouyon, ak flote sou dlo.

Kochon, malgre nati malpwòp li, li se yon animal ki trè entelijan e ki kapab pwan antrènnman menm jan ak chat ak chyen. Yo kapab adapte y oak yon pakèt kalite kondisyon ekolojik. Kristòf Kolon te fè antre kochon pou premye fwa nan Nouvo Monn lan nan 1493 sou dezyèm vwayaj li. Kochon se yon bèt ki malpwòp se vre, sepandan yo se bèt tou ki exprime yon atitid ijyenik lòske yo pa asèpte dòmi e manje kote yo irine e fè bezwen fizyolojik yo. Kochon kapab apwann manipile avèk nen li yon sourit kompitè e chwazi yon ikonn nan ekran an.

Gragra fè pati yon fanmiy ki rele kòvid. Se yon kreyati ki trè entelijan. Yo kominike avèk dyalèt ki byen ekilibwe e yo devlope fakilte tou pou jwe jwèt trik antre yo. Gragra adapte yo ak pwèske tout kondisyon klimatik. Yo viv nan kanpay tankou nan vil. Yo pwan grenn (di) nan zònn andeyo e yo al lague-l lavil nan lari kote machinn ap pase yon fason pou machinn yo kapab kraze grenn di sa yo yon fason pou yo kapab manje sa ki kraze yo. Konsa, lè yo wè limyè trafik la rouj, epi yo pwofite plonje desann al manje nannan grenn kraze yo.

Elefan se trè kirye e gen fakilte pou li netwaye manje li avan li manje-l. Yo resevwa lòd nan men imen sitou lè yo kaptire yo. Elefan exprime konpasyon ak konsolasyon tou ki konsidere kòm yon sòt entelijans ki trè avanse. Anpil elefan idantifye yo trè byen nan miwà.

Ekirèy gen yon supè entilijans ak yon memwa enkwayab. Yo kapab sere plis pase yon 10 mil kalite manje nan plizyè plas diferan e retwouve yo san tèt chaje apwè plizyè mwa. Yo vòlè manje zwazo ak teknik e sere yo kote moun pwèske pa ka wè yo.

Mèt Syans, Triboland

Leave A Reply