Dapwè diretè PNH la, 4 pwezime asasen Jovenel Moise jwen lanmò yo e gen 2 lòt ki anba men lapolis

617

07/08/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan kàd pou mete men sou asasen pwezidan defakto Jovenel Moise yo, dirèktè lapolis la, Léon Charles enfòme piblik la ke operasyon lapolis la ap mache seryezma yon fason pou poze lapat e kanpe eleman yo ki patisipe nan atak kont koup pwezidansyèl la nan Pèlenren 5 maten an.

Dapwè Léon Charles, nan kay kote manm kòmando ki te arive anlve lavi chèf leta a te arive ansèkle. Echanj gwo kout zàm te manniganse e 3 polisye ke mèsenè yo te pran an notaj arive libere. Léon Charles konfime genyen 4 nan asasen yo jwen lanmò yo e 2 lòt jwen arestasyon yo nan menm zòn kote ke pwezidan Jovenel te abite.

Pwemye minis Claude Joseph pou tibout tan an, deklare ke tout bagay sou kontwòl alòske minis kilti ak kominikasyon an, Pradel Henriquez rekonfime enstorasyon lwa masyàl la ki gaye sou tout tèritwà a; sepandan, se sèl jounalis ak idantifikasyon, pwofesyonèl sante, ak polisye ki otorize sikile. Li pwomèt popilasyon ke PNH la ap miltipliye anpil bwàs pou pote limyè sou asasinay wonte chèf leta a.

Yon sous kredib, konfye TRiboLAND pwezans yon sitwayen ayisyen pami mèsenè yo ki se yon natif natal lokalite Lakwà Sen Jozèf, 3èm seksyon Obè, komin Pòdpè. Pwezime asasen sa a ta sanble li tap viv nan Miami, Florid depi plizyè lane.

Comments are closed.