Plim leve sou do sosyete ayisyèn nan aprè ke peyi kenya bat bravo pou angajman Repiblik dominikèn nan misyon miltinasyonal la

710
7
Share:
TRiboLAND

09 – 25 – 2024

Sou kont “X” li, prezidan Kenya a, William Ruto ta sanble pa metrize ase istwa Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn, anonse kontantman li lè li aprann gouvènman rasis Luis Abinader a pran angajman pou swadizan fòs dominikèn yo kontribye nan domèn evakyasyon ak livrezon materyèl nan misyon miltinasyonal bay jarèt ak sekirite a nan peyi Dayiti.

Ruto bat gwo bravo ak kontantman pou angajman peyi panyòl la nan kad misyon MMSS la ki genyen plizyè lòt ti kontenjan ki swadizan peyi ki san istwa ap vinn bay Ayiti bourad nan zafè sekirite ak estabilite sou tè Jan Jak Desalinn nan. Anpil kritik estime ke responsab peyi Kenya yo pa vrèman konprann enplikasyon ak konplisite Repiblik dominikèn nan mizèrere peyi Dayiti; san konte politik rasis ak tretman kriminèl ke otorite vwazen yo ap enflije imigran ayisyen yo lakay yo. San nou pa menm bezwen soulinye ‘Masak Pasley a, kote ke prezidan kriminèl epòk la, Rafael Trujillo fè touye ant 5,000 jiska 30,000 inosan ayisyen.

Yon evantyèl enplikasyon fòs dominikèn yo anndan peyi Dayiti kapab fasilite yon alyans moun pat kapab imajine (gang ak popilasyon an) pou kontrekare prezans sòlda yon parèy peyi ki pa jamè kache ènn visral kont repiblik Dayiti. Nenpòt ayisyen ki genyen wont ak san Desalinn nan li, pap ezite prefere prezans nenpòt ti “Peyi Katye” sou tèritwa ayisyen an ke nenpòt ki fòs dominikèn ki ta mete bòt yo sou sòl ayisyen.

Anplis, move kalkil prezidan kenya a, ki ta sanble genyen anpil difikilte pou fè jòb sal kolon konplotis yo, kapab mete menm twoup kenya yo nan yon move sitiyasyon reselè. Konsa, dènye done entènasyonal yo sou kriz peyi Dayiti a, ta sanble leve plim sou do anpil sitwàyen sou rezo sosyàl yo. Yo afime klè kon klewòz dezakò yo kont nenpòt ki fòm angajman sadik peyi panyòl la, fas ak deplwàtonaj kris peyi Dayiti.

Antouka, nouvo devlopman yo se yon okazyon favorab pou pèp ayisyen reyalize genyen plis pou nou wè ke sa kap pase la. Se yon seri mannèv ak  ak trik mèdam ki genyen pou objektif avanse agenda kolon rasis yo nan mare Ayiti nan pye tab yo jiskaske yo arive eksplwàte resous minyè li. Ke peyi Kenya ak tout lòt fòs etranje yo, sispann pase Ayiti anba betiz nan fè dilatwà ak moratwà kap kontinye irite pèp ayisyen an ki bouke nan blòf ak fè timoun dodo!

Share:

7 comments

Leave a reply