Koup Dimonn 2023: Seleksyon foutbòl fanm peyi Angletè a mete do ekip fanm ayisyèn nan atè

818

07-22-2023

Grenadyè yo pa arive asiste tiraj, nan premye pèfòmans yo yon Koup Dimonn Foutbòl Fanm yo fas ak peyi Angletè jodi samdi 22 jiyè 2023 a.

Nan yon match tèt pou tèt, tengal pou tengal, ekip fanm ayisyèn nan arive pedi yon gòl a zewo devan selèksyon peyi Angletè a aprè yon penalite.

Se vre, posesyon balon won an te toujou anba pye ekip Angletè a, sepandan Ayiti te genyen anpil opòtinite rache yon viktwa anba pye anglèz yo aprè yon katafal gòl rate.

Nan yon entèvwui ke li t’ap akòde ITV, antrenè Angletè a, Sarina Wiegman deklare ke: “Se yon match ki te trè difisil pou yo. Mwen byen kontan 3 pwen an. Ayiti, se egzakteman sa nou te di. Se yon ekip ki trè enprevizib e ki chanje kazak lè ou pa panse. E sa te reyèlman sakaje nou. Se vre an majorite, nou te genyen posesyon balon won an, men yo te reyèlman rapid e difisil pou bat. Nou te pèdi balon an pandan plizyè fwà san zatann, konsa,  lè yo lage se te kè sote”.

Nap raple, Ayiti te pèdi pandan match la, Jennyfer Limage, apwè li te resevwa yon bòzòy nan jenou.

Comments are closed.