Òganizasyon Viv Ayiti remèsye peyi Salvadò ki vin ede Ayiti nan lit l’ap mennen kont bandi ame yo.

11 – 06 – 2026
Pòtopwens, Ayiti ____ (TRiboLAND) Òganizasyon Viv Ayiti, nan yon konferans pou laprès jounen jedi 5 novanm 2026 la, remèsye peyi Salvadò yo di ki vin ede Ayiti nan kad lit y’ap mennen kont gang kriminèl ame epi denonse yon seri aktè politik yo di k’ap mande yon lòt tranzisyon, pandan y’ap atake bandi ame yo.
Viv Ayiti mande sèlman yon remanyeman ministeryèl pou rebalanse peyi a ki nan sitiyasyon ekstrèm difisil e ki nan yon etènèl tranzisyon politik ak yon seri politisyen krizokal ki toujou vinn sou tranzisyon.






