MSPP : tout moun kap antre nan peyi Dayiti dwè genyen yon tès kovid-19 negatif

942

08/12/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon sikilè papye tenbwe ki pote sinyati Minis doktè Marie Greta Roy Clément jodi jedi 12 out 2021 an, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon raple tout moun kap antre nan peyi Dayiti dwe genyen yon genyen yon tès kovid-19 negatif PCR e ki genyen mwens pase 72 èd tan.

Dapwè MSPP, sikilè sa pa chanje oken dispozitif ki te anplas pou moun kap pati ale nan lòt peyi yo.

Comments are closed.