Divès ri nan vil Tigwav bloke ak tout kalite bataklan pandan jounen madi 12 septanm 2023 a

221
0
Share:
TRiboLAND

09-12-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon gwoup jèn gason nan zòn bò lopital jeneral Notre Dame Tigwav, bloke divès ri andedan vil la epi tire kout boutèy, kout ròch, e drese barikad; yon sitiyasyon ki okazyone lansman gaz lakrimojèn bò kote lapolis, jounen madi 12 sektanm 2023 a. Objektif yon parèy leve kanpe, se pou kontinye egzije demisyon PM defakto PHTK a, Ariel Henry nan tèt Primati a. Konsa, yo deklare ke yo pa antann louvri lekòl la ak PM lan.

Pwotestatè yo kalifye gouvènman lòbèy Ariel Henry a, kòm senbòl ensekirite, kidnapping, lavi chè, grangou, mizè tout kalite, enpinite, imoralite, kòripsyon, fatra, dlo labou ak blackout elatriye.

Sitwayen angaje yo, presize majorite kanè paran timoun yo rete nan direksyon lekòl yo, akoz yo pa genyen lajan pou reklame yo, alevwa pou yo jwen mwayen pou achete liv, kaye, plim, valiz, inifòm ak soulye elatriye…mete sou sa, moun Kafoufèy, Solino ak Bèlè kap kouri kite kay yo ak timoun sou bra yo anba bal bandi.

Konsa a, fristre yo egjije demisyon gouvènman kriminèl sansi a, yo di kap fini ak popilasyon ayisyèn nan, paske dapwè yo, Ariel pa kapab amelyore soufrans pèp ayisyen an.

Nap raple, sa fè katryèm fwa, nan 2 semèn gwoup jèn sa yo fè mouvman leve kanpe, bloke lari, yon fason pou di non yo pa dakò antre lekòl ak Ariel Henry nan peyi a; yon swadizan lidè lèdè ki pa kreye okenn kondisyon pou ankadre moun nan sosyete ayisyèn nan.

Share:

Leave a reply