Ministè edikasyon nasyonal atravè yon sikilè, deklare ke li obligatwa pou drapo moute nan lekòl yo chak maten nan lekòl yo

545
10
Share:
TRiboLAND


09 – 05 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote siyati Minis Edikasyon an, Augustin Antoine, Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl raple tout responsab lekòl prive tankou piblik nan peyia, se yon obligasyon pou yo òganize seremoni drapo chak maten, avan menm yo kòmanse tout lòt aktivite nan lekòl yo. Pandan seremoni an, tout elèv dwe chante yon kouplè nan im nasyonal la ki se Ladesalinyèn.

Ministè a raple sa nan lide pou ranfòse edikasyon sivik timoun yo daprè nouvo kad oryentasyon kourikouloum nan ki konsidere Edikasyon pou sitwayènte kòm yon disiplin apa ki dwe anseye soti nan premye ane fondamental pou rive nan segondè 4. Anplis, li ankouraje menm egzèsis sa pou timoun ki nan klas preskolè yo tou.

Minis lan fini nòt la pou raple tout responsab yo, drapo se senbòl fyète ki makònen tout Ayisyen ansanm, tout Direktè ak Enspektè zòn yo dwe pote kole pou fè desizyon sila respekte.

Atravè divès kòmantè, anpil moun ankouraje yon parèy despozitif ki pral ede timoun yo abitye ak Im nasyonal la, epi yo pwofite mande egalman Minis Antoine pou mete kèk prensib nan òganizasyon fèt drapo a, anpil kote ki tounen yon aktivite bidjonnèl. ‎

Share:

10 comments

Leave a Reply to Gayelle Cancel reply