Anvwàye espesyàl Etazini an pou Ayiti, Daniel Foote retounen Wachennton

837

07/27/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon nòt ki soti nan anbasàd amerikèn nan Pòtopwens, anvwaye espesyàl Etazini an pou Ayiti, Daniel Foote kite peyi Dayiti yè lendi 26 jwiyè apwè midi a pou Wachennton.

Pandan pasaj li nan peyi Dayiti, Foote te gen chans dabò pou asiste funeray pwezidan asasine a, Jovenel Moise e fasilite rankont ak diferan antite politik ak sosyete sivil ki konsène nan kriz plizyè tèt peyi Dayiti a.

Nan chita tande ke diplomat la te genyen ak diferan aktè yo, li te ekspwime ou diskite volonte peyi Etazini pou kontinye bay solusyon ayisyènn fas ak gwo defi sekiritè e politik pou klima ki kapab garanti eleksyon osito sa nesesè.

Anvwàye espesyàl Daniel Foote ap genyen pou travay nan tèt kole ak Kongrè ameriken an, diaspora ayisyènn ak kominote entènasyonal la yon fason pou evalye yon seri bezwen ak resous adekwàt pou peyi Dayiti. L ap genyen pou retounen sou tè papa Desalin nan avan lontan pou lòt chita tande.

Comments are closed.