Citibank anonse lap fèmen sèvis li yo pwogresivman nan peyi Dayiti

55
0
Share:
TRiboLAND

07 – 09 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Citibank anonse rediksyon pwogresiv sèvis li yo nan peyi Dayiti; yap tou antame pwosesis retrè lisans yo avèk apwobasyon Bank Repiblik Dayiti (BRH). Daprè sa responsab yo di, se yon desizyon difisil men ki enpòtan anpil pou yo paske li fè pati egzamen estratejik aktivite yo.

Responsab yo ki pa bay twòp detay sou koz ki fè yap retire kò yo nan peyia kontinye pou di, sèvis bankè entènasyonal yo ap kontinye pou kliyan ki egziste yo.

Avèk Citibank ki anonse yap retire kò yo, pap gen bank entènasyonal nan peyia ankò. Nap raple divès bank te deja retire kò yo nan peyia depi nan lane 1986, tankou : bank wayal Kanada, bank Boston, bank chikago, ban nasyonal Pari avèk Scotiabank.

Share:

Leave a reply